An anglè, pou’w montré yon relasyon antré dé bagay nan yon fraz, ou ka itilizé konjonksyon. Nou pral wè 4 nan yo: and, or, but, so.
Ou itilizé and pou’w ajouté yon lot bagay sou sa’k sot di a ou byen pou’w montré yon swit lojik pa rapô a sa’k sot di a: : I’ll pray and sing (Mwen pral chanté épi m’pral priyé; I’ll get married and have children (Mwen pral maryé épi m’pral fè timoun; I am hungry and thirsty (Mwen grangou e mwen swaf).
Ou itilizé or pou’w fè yon chwa antré dé bagay: You need to choose if you want to dress in black or white (Ou dwé chwazi si ou vlé abiyé an nwa oubyen an blan); Would you prefer to have a boy or a girl ? (Eske ou ta pi renmen gen yon ti gason oubyen yon tifi); I still don’t know if I want to work for a company or to create my own one (Mwen toujou poko konnen si mwen vlé travay pou yon antrepriz ou byen si m’ap kreyé pwôp biznis mwen).
Ou itilizé but pou’w maké yon opozisyon antré dé bagay: I like pineapples but I don’t like bananas (Mwen renmen anana men mwen pa renmen banann); She likes cinema but he likes theater (Li renmen sinéma men lot la renmen téat); I like the snow but I don’t like winter (Mwen renmen nèj men mwen pa renmen hiver).
Ou itilizé so,pou’w fè yon konklizyon de sa’k sot di a: So, I decided to marry this man (Donk, mwen te desidé maryé ak nèg sa a ); I was very late, so I took a taxi (Mwen te vrèman an reta, donk mwen te oblijé pran yon taxi).
