This / that / these / those (kreyol)

That, this, these, those = sa a, sa yo

Nan lang anglè a nou ka sèvi ak pwonon demonstratif Tankou « this » , « that » , « these » epi « those » pou ranplase yon mo oubyen yon bagay ou t’ap pale de li deja.

* Nou sèvi a « this » epi « that » nan fòm sengilye, « these » ak « those » nan fòm pliryèl.

« These » se fòm pliryèl « this » epi « those » se fòm pliryèl « that », konsa tou nou sèvi ak « this » epi « these » lè w’ap pale de yon bagay ki pré nou tandiske nou sèvi ak « that » epi « those » pou yon bagay ki lwen nou.

Ex :   this bag is beautiful—> Valiz sa a bèl. (Fòm sengilye)

      These bags are beautiful—> Valiz sa yo bèl. (Fòm pliryèl)

     This boy is very tall—-> Nèg sa a wo anpil. (Fòm sengilye)

     These boys are very tall—> Nèg sa yo wo anpil. (Fòm pliryèl)

Ex :  That country is the largest one on the continent—> Peyi sa a se li ki pi laj nan kontinan an. (Fòm sengilye)

    Those countries are the largest ones on the continent—> Peyi sa yo se yo ki pi laj nan kontinan an. (Fòm pliryèl)

Can you see that beautiful star in the sky (singular form) / Look at those stars ! (Plurial form)

Ann antrene

Klike la

Vèsyon anglè

Klike la

Laisser un commentaire