An anglè, ou itilizé vèb modal pou eksprimé ke ou kapap fè yon bagay, ke ou gen kapasité ou byen otorizasyon pou’w fè’l. Li toujou gen yon vèb a linfitif dèyè’l. Nou pral wè kèk nan yo: can/could, may/might, must, shall/will, should/ought to.
Ou itilizé can/could pou eksprimé kapasité. Ou te ka ranplasé’l pa “to be able to”: I can swim (Mwen ka najé); She could do that perfectly (Li ka fè sa pafètman); He can cook (Li konn fè manjé).
Ou itilizé may/might pou eksprimé posibilité nan yon tan pwoch: I may start my own business (Li posib pou mwen komansé pwop biznis mwen); She might write her first book (Li posib pou li komansé ékri premye liv li); He might study more (Li ta dwé étidyé plis).
Ou itilizé must pou eksprimé yon obligasyon: You must go to bed early (Ou dwe al nan kabann bonè); She must do her homework (Li dwe fè devwal); He must do some sport (Li dwe fè espô).
Ou itilizé shall/will pou fomilé yon ipotèz ou byen pou’w fè yon dédiksyon: I will be a talented speaker in the future (M’ap yon gran oratris pi ta); I shall graduate very soon (Mwen ap gradyé byento); I shall change this habit (Mwen ta dwe chanjé abitid sa a ).
Ou itilizé should/ought to,pou bay konsèy ou byen fè yon sijestyon: You should be on time (Ou ta dwé a lè); I ought to be careful while driving (Ou ta dwé fè plis atansyon lè w’ap kondui); She should try this food speciality (Li ta dwé eséyé manjé sa a ).
