An anglè, pou’w ka plis konprann yon fraz, pou’w rann ni pi klè, ou ka itilizé kèk mo ou byen spesifik nan komansman fraz la ou byen nan mitan. Yo ka itilizé nan plizyè fason e yo ka gen plizyè siyifikasyon./ Nou pral wè kèk nan yo: anyway, so, well, I mean, right, you know, like.
Ou itilizé anyway, pou’w pasé de yon sijè a yon lôt ou byen pou’m démontré ke yon bagay pa gen twôp enpôtans: Anyway, what time is it ? (Bon, ki lè li yé la a ?) You can choose blue or write, anyway (Ou ka chwazi nenpôt , blé ou byen blan).
Ou itilizé so,pou’w fè yon konklizyon de sa’k sot di a: So, I decided to marry this man (Donk, mwen te desidé maryé ak nèg sa a ); I was very late, so I took a taxi (Mwen te vrèman an reta, donk mwen te oblijé pran yon taxi).
Ou itilizé well, pou’w maké yon chanjman dé pwen dé vi : Well, what I’ll do is to create my own business (E byen, mwen pral kréyé pwôp biznis mwen); Your friends are really negative, well I would be careful if I were you (Zanmi’w yo vrèman negativ, é byen mwen t’ap fè bokou atansyon si’m té ou).
Ou itilizé I mean,pou’w ka plis enfomasyon sou sa’w vlé di a. You are being too hard with him. I mean, you should be more comprehensive (Ou vrèman di avèk li, mwen vlé di ke ou ta dwé plis konprann ni); The world is becoming more and more unliveable. I mean, all the foundations are overturned, the human being is becoming more and more evil and the planet is deteriorating day by day (Mond la vin invivab, mwen vlé di ke tout fondasyon yo vin ranvèsé, moun yo vin pi mechan epi planèt la ap détéryoré de jou an jou).
