Nan lang anglè a, genyen atik defini ak atik endefini. Nou mete yo devan yon non pou endike kijan yo ye ak Konbyen yo ye.
Genyen yon Sèl atik défini nan lang anglè a (The) = ki vle di ( la, lan, an, a) nan lang kreyôl la.
Nou itilize (The )devan yon non oubyen yon sijè nou t’ap diskite sou li deja: the bag I told you about is very expensive = Valiz mwen t’ap palew de li a chè anpil.
Nou ka itilize THE tou devan yon non espesyal oubyen yon sijè espesyal.
Ex: The apartment near the train station is very attractive = gwo Kay ki tou prè estasyon tren an bèl anpil.
Konsa tou, nou ka mete l’ avan non yon peyi oubyen non yon montay nan pliryèl.
Ex: we find the white house in the United States = Nou jwenn Kay blanch lan nan Etazini.
Ex: The Pyrenees is a mountain range in south western Europe.
Genyen 2 atik endefini nan Lang anglè a ( A, An) ki vle di (yon) nan Lang kreyôl la.
Nou itilize (A) pou yon non ki komanse avèk yon konsòn: a man, a jacket, a bottle.
Nou utilize l’ tou devan yon non ki komanse avek yon H ki sonnen: a house, a hole.
Nou itilize (An) devan yon non ki komanse avek yon vwayèl: An umbrella, an event, an accident.
Nou itilizel’ tou devan yon non ki komanse avek yon H ki pa sonnen: An hour, An honor.
Kèk fwa nou pa itilize okenn atik, ka sa a rive devan yon non global: she loves candies = li renmen sirèt, people like to go on holidays = Moun renmen ale nan vakans.
Ka sa a rive tou devan jou yo nan semèn nan, oubyen yon mwa.
Ex: Sunday is generally a rest day = jou dimanch se toujou yon jou repo.
Ex: I’m going on holidays on June = Mwen prale nan vakans nan mwa Jen.
Pou fini, ka sa a prezante devan non yon peyi oubyen yon vil : I live in Paris = mwen ap viv Pari, France is full of historical monuments = lafrans genyen anpil moniman istorik.
