Nan Lang anglè a, pouw pale de anpil bgay oubyen yon eleman pami anpil lòt, nou ka itilize « all » , « every », oubyen « each ».
Nou sèvi ak « all » pou nou pale de yon bagay an general san distenksyon oubyen globalman.
Ex : I was happy during all my younger = mwen te toujou kontan Pandan tout jenès mwen.
Ex : All the players want to win = tout jwè yo vle genyen.
Ex : I have eaten all the food = mwen t manje tout manje a.
Nou itilize « every » lè nou vle pale de yon eleman pami yon banm lòt, mo k’ap swiv « every » a toujou an sengilye .
Konsa tou, nou ka itilize « each » nan plas li.
Ex : Every donation is appreciated = yo te apresye chak don yo;
Ex : I brush my teeth every day = mwen brose dan m’chak jou.
Ex : She get up early every morning = li toujou leve bonè chak maten.
