Nan Lang anglè a, pou pale de yon banm bagay ki sanble ou ka itilize » a pair of » oubyen » a packet of ».
Nou itilize « a pair of » lè gen 2 bagay ki Sanble oubyen lè yo menm gwosè epi lè w ka sèvi avèk bagay sa yo ansanm.
Lè konsa, non ki vini aprè « a pair of » la ap toujou pliryèl.
Ex: a pair of baskets, a pair of glasses, a pair of gloves = yon pè panye, yon pè linèt, yon pè gan.
Nou itilize « a packet of » lè gen yon bagay ki gen andedanl anpil lòt bagay ki Sanble. Non k’ap vini Aprè « a packet of » la ap toujou pliryèl.
Ex: a packet of crips, a packet of biscuits, a packet of sweets
