An anglè, li gen yon atik indéfini ke ou kapap mete devan non yon bagay ki o sengilyé. Atik sa a se “a”. Pou’w deziyé yon kantité indéfini de yon bagay ou byen de moun, nou ka itilizé “some”.
Nou itilizé “a” pou yon non ki komansé pa yon konson.: a man (yon gason), a jacket (yon manto), a bottle (yon boutèy). Nou ka itilizé’l tou lè yon non komansé pa lèt “h” épi ki pa myè: a house (yon kay), a hole (yon twou).
Nou itilizé “some” nan yon fraz afimativ. Nou ka itilizé’l tou nan yon fraz interogativ: would like to eat some fruits. (Mwen ta renmen manjé kèk fwi) Do you want some bread ? (ou bezwen pen). Some of you will stay at work until 7 pm. (Genyen nan nou kap ret travay jiska 7 è).
